Prezidan Obama Fè Dènye Vizit Nwèl li Kòm Lidè Etazini nan yon Baz Militè nan Awayi

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Barack Obama ak Premye Dam Michelle Obama ki tap pale ak manm lame ameriken an nan baz militè Kaneohe Bay ki tou pre kote koup prezidansyèl la ap pase vakans nwèl yo nan Awayi. Kaneohe Bay, Awayi, 25 desanm 2016.

Prezidan Ameriken an, Barack Obama ak Premyè Dam nan Michele Obama, vizite dimanch 25 desanm 2016 la yon baz militè nan Awayi ki nan mitan pasifik la kote plizyè manm lame ameriken an ap pase fèt nwèl la ak fanmi yo.

Misye Obama tap pale ak konpatryòt ameriken yo, kèlke semen avan inogirasyon Prezidan-eli Donald Trump kòm nouvo Lidè Ameriken. Prezidan Obama di tan li pase sou pouvwa a kòm Kòmandan an Chèf se yon gran privilèj nan vi li.

Prezidan Obama kontinye pou l di menm si se dènye fwa l ap adrese li ak manm lame an kòm prezidan Lèzetazini, li vle yo konnen kòm sitwayen Ameriken l ap toujou sipòte yo.

Samdi 24 desanm 2016, Prezidan Obama te rele nan telefòn pou l pale ak twoup ki deplwaye nan misyon militè lòtbò dlo yo pou l di yo, Ameriken yo lakay konpran sakrifis yap fè chak jou nan vi yo pou kontinye defan e batay pou garanti libète nou.

Prezidan Obama ak Premye Dam nan Michelle Obama vizite baz militè lamarine ameriken an nan Kaneohe Bay ki tou pre kote koup prezidansyèl la ap pase vakans nwèl yo nan Awayi.

Prezidan Ameriken an, Barck Obama, pwomèt militè yo pou l kontinye vizite yo men apre li kite Mezon Blanch lan an, 20 Janvye 2017.