Etazini: Prezidan Donald Trump Ap Fè yon Virewon 2 Jou nan Lagrand Bretay

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan amerikn an Donald Trump, adwat, ak Rèn Elizabeth, nan mitan, ak Premye Dam amerikèk nan Melania Trump agouch pandan seremoni akèy Lagrad Bretay pou koup prezidansyèl ameriken an. nan palè Buckingham a, 3 me 2019. Lond, Angletè.

Lagrand Bretay òganize yon seremoni djak sou djak pou akeyi Prezidan ameriken an, Donald Trump, k ap fèt yon vizit deta ofisyèl 2 jou. Sou pwogram vizit sa a genyen yon rankont avèk lafanmi wayal, yon dine deta avek yon chita-tande avèk premye minis britanik la, Thereza May.

Nan moman lidè ameriken an tap kite La Mezon Blanch, li te deklare se yon vwayaj kap "trè zenteresan" e li panse se yon okazyon pou Lèzetazini ak Wayòm Ini jete baz pou sa misye Trump rele: "yon gwo akò komesyal" ke yo va siyen nan lavni.

Vizit sa a vini nan moman La Grand Bretay twouve l nan mitan yon gwo tanpèt politik. Premye Minis Thereza May te anonse mwa pase a li pral bay demisyon li apre li te echwe nan tantativ li tap fè pou l konplete pwosesus retrè La Grand Bretay nan Inyon Ewop la.