Etazini, Japon ap Fè yon Reyinyon Vityèl sou Sekirite

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ned Price

Etazini ak Japon gen pou yo fè kèk chita-tande sou entènèt semèn sa a kote yo pral renouvle angajman pou asire sekirite nan rejyon Endo-Pasifik la pandan gen defi k ap ogmante akoz menas ke zam nikleyè ak misil la Chin ak Kore du Nò poze.

Sekrete Deta Etazuni Antony Blinken ak Minis Defans Lloyd Austin pral rankontre avek Minis Afe Etranje Japone Yoshimasa Hayashi e ak Minis Defans Nobuo Kishi jodi jedi a pou yon reyinyon Komite konsiltasyon Etazuni-Japon sou sekirite.

Nan rankont sa a delegasyon yo pral pale sou mwayen pou " Etazini ak Japon ranfose Alyans nou an nan kad efò pou gen yon rejyon endo Pasifik lib e ouve e pou abode tou pandemic Covid-19 la, Kriz klima ak lot defi mondyal," pou repete potpawol Depatman d'Eta a, Ned Price.

Rankont sa a tonbe menm jou ke lidè Japon ak Ostrali yo gen pou yo siyen yon nouvo akò sekirite ki vize fikse pou premye fwa yon struktu pou fòs defans peyi yo travay ansanm.