Prezidan Donald Trump Pare pou Siyen yon Dekrè sou Konstriksyon yon Miray ant Etazini ak Meksik e sou Imigrasyon Ilegal

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Donald Trump apre yon rankont ak dirijan gwo konpayi konstriksyon machin yo ki pwomèt pou yo kreye anpil travay Ozetazini (Foto: Mezon Blanch/ Madi 24 janvye 2017).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, gen pou l pase lòd pou otorite yo konstrui yon miray toutolon fwontyè Lèzetazini ak Meksik la pou bloke antre imigran ilegal sou tèritwa ameriken an, limite admisyon refijye nan peyi a epi fè fas kare ak otorite vil amarikèn kap pwoteje imigran ilegal yo.

Nouvo prezidan an gen plan pou l siyen kèk dekrè nan sans sa a nan jounen mèkredi 25 janvye 2017 la pandan yon vizit li pral fè nan Depatman Sekirite Tèritoryal Lèzetazini an (Department of Homeland), swa ajans federal ki responsab pou pwoteje fwontyè peyi a. Misye Trump gen plan tou pou l pran lòt aksyon ak menm objektif yo nan jou kap vini yo.

Pannkat imigran ki tap pwoteste pou mande otorite imigrasyon ameriken yo sispann separe manm fanmi yo, sa ki legal yo ak sa ki ilegal yo.

Dekrè prezidansyèl La Mezon Blanch anonse yo pral make kòmansman reyalizasyon kèk pwomès Misye Trump te fè pandan kanpay elektoral la e ki jwe yon gwo wòl nan viktwa ki fè l tounen 45èm prezidan Lèzetazini. Vrèman vre, pandan kanpay la kandida repibliken an te di plizyè fwa imigran ilegal yo reprezante yon menas pou sekirite Lèzetazini e yo vin pran travay sitwayen ameriken nan men yo. Nan divès meeting ki te dewoule pandan kanpay la, patizan Misye Trump yo te chante slogan ki di: "Konstrui miray la, konstrui miray la."

Prezidan meksiken an, Enrique Pena Nieto, ki gen pou rankontre ak Prezidan Trump anvan lontan.

Nan yon entèvyou nouvo prezidan an bay chèn televizyon ABC, li deklare konstriksyon miray la kapab kòmanse nan kèk mwa e li ensiste pou l di se Meksik ki pral peye pou konstiksyon an, menm si gouvènman meksiken an di li pa pral depanse 5 kòb pou miray sa a. Dapre Prezidan Trump, pèman sa a kapab vini sou yon fòm konplike, paske, dapre li, "se pap yon pèman dirèk lajan kap sòti nan men gouvènman meksiken an pou al jwenn gouvènman ameriken an."