Etazini Admèt yon Misil li te Touye Plis Pase 100 Moun ann Irak

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon papa kap kriye apre pitit gason li te mouri anba yon airtrike pandan yon batay ant fòs irakyen yo ak militan gwoup teworis Eta Islamik yo nan Mosoul Irak, 17 mas 2017.

Yon frap aeryen ameriken kont konbatan Eta Islamik yo nan vil Mosoul nan peyi Irak, sa gen 2 mwa, te touye pou pi piti 105 sivil apre li te sote san avètisman yon depo zam gwoup Eta Islamik la, dapre sa yon pòtpawòl militè ameriken fè konnen nan dat 25 me 2017 la.

"Eksplozyon depo zam nan kraze bilding depo a, e touye 2 tirè kache Eta Islamik, 101 sivil ki te pran refij nan premye etaj yo ak 4 sivil nan yon kay nan vwazinaj la alwès bilding depo a," se pawòl Jeneral Brigad Avyasyon Militè Matt Isler.

Jeneral Isler fè konnen yon avyon ameriken te lage bonm nan ki peze 227 kilogram sou bilding nan 17 mas pase a pou touye 2 tirè-kache yo, men ke militan jihadis yo te deja plase eksplozif ki te deklannche eksplozyon an.