Ajans nouvel leta nan Tiki a fè konnen 8 moun pou pi piti pèdi lavi yo e plis pase 100 lòt blese nan yon atak oto pyeje ki fèt nan vil Diyarbakir nan sidès peyi a Jodi a.
Otorite yo di atak la fèt toupre yon estasyon polis apre otorite yo fin arete pandan lannwit la yon gwoup lidè Pati Demokratik Popilè-a ki anfavè Kurd yo e ki se 2èm pi gran gwoup opozisyon nan palman-an, ansanm ak 11 palmantè pati a pou pi piti.
Anpil manm nan baz pati a soti nan rejyon kote Kurd yo abite. Gochis ak pwogresis toupatou nan Turki jwenn arestayson yo tou lannwit la nan kad yon ankèt sou aktivite teworis.
Biwo Gouvènè a nan Diyarbakir fè konnen Pati Travayè Kurdistan (PKK) revandike responsablite pou atak la.