Jou apre Jou Ensekirite a ap Fè Plis Dega ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Lapolis k ap fè patwouy nan lari Pòtoprens apre bandi ame te touye yon moun nan vil la. (Foto-AP/Rodrigo Abd, 22 septanm 2021).

Dimanch 26 septanm 2021 an, byen bonè nan jounen an, kidnapè touye Dyak Sylner Lafaille e yo anlve madanm li, Marie Marthe Laurent Lafaille, pandan yo t ap antre nan Legliz Batis Ri La Reyinyon an, nan Pòtoprens.

Nouvèl k ap sòti Ayiti depi kèk jou montre fenomèn kidnaping nan pa sispann vale teren, sitou nan kapital la, Pòtoprens, kote menm legliz pa gen respè nan je bandi yo. Dimanch 26 septanm 2021 an, byen bonè nan jounen an, kidnapè touye Dyak Sylner Lafaille e yo anlve madanm li, Marie Marthe Laurent Lafaille, pandan yo t ap antre nan Legliz Batis Ri La Reyinyon an, nan Pòtoprens. Yon gwoup lidè politik bay yon konferans pou laprès sou dosye a, mèkredi 29 septanm nan, kote yo denonse fenomèn ensekirite a kòm yon zouti pouvwa PNTK a itilize pou l anpeche pèp la manifeste pou l fe konnen doleyans li yo.

Klke sou lyen ki pi devan an pou w suiv yon repòtaj Yves Manuel.

Your browser doesn’t support HTML5

Konferans pou laprès sou fenomèn ensekirite a ann Ayiti.