Lèzetazini Ogmante Asistans Li pou Endonezi Apre 2 Dezas Natirèl

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Logo USAID

Depatman Deta ameriken fè konnen li pare pou l voye asistans bay Endonezi pou kore efò sekou ak rechèch k ap fèt aprè yon tranblemanntè ak yon sounami te frape bannzil la e koze lanmò plis pase mil 200 mò nan pwovens Sulawesi nan sant peyi a.

Nan yon deklarasyon otorite ameriken yo pibliye madi 2 oktòb la, yo di Washington pral ofri yon premye pati èd; ansuit li pral kontinye travay avèk gouvènman an nan Djakata e ak anbasad amerikèn ki laba a pou chache konnen ki pi bon mwayen Lèzetazini kapab ede.

Lendi premye oktòb la Depatman Deta a te debouse 100 mil dola asistans pou kòmanse; lajan sa a te pase pa Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyoal (USAID). Depatman Deta a ajoute l ap travay sere-sere ak USAID e ak Depatman Defans la pou l ka konnen ki lòt mwayen ki ta pi bon fason li ka ede.

Anbasad amerikèn nan di li o-kouran genyen sitwayen ameriken ki viktim nan dezas natirèl marasa sa yo; sepandan pèsonn nan yo pa ni blese ni mouri. "Preske tout sitwayen ameriken deja jwenn asistans pou yo deplase kite zòn afekte yo oubyen yo pral kite zòn sa yo," daprè deklarasyon Depatman Deta a.