Ekstradisyon Dezyèm Pitit Gason Ansyen Prezidan Panameyen Martinelli nan Etazini

Guatemala Panama

Vandredi otorite nan peyi Gwatemala te ekstade dezyèm pitit gason ansyen prezidan panameyen Ricardo Martinelli ki te sou pouvwa nan ane (2009-2014), e yo te remet li bay lajistis Amerikèn ki tap chèche li tankou pate cho.

Lajistis peyi Etazini akize Ricardo Alberto Martinelli Linares de blanchiman lajan.

Ekstradisyon Ricardo Alberto Martinelli Linares rive prèske yon mwa apre frè'l, Luis Enrique, te pouswiv sou menm akizasyon yo, nan kad yon dosye koripsyon Odebrecht, non yon konpayi piblik brezilyen.

Selon jounalis AFP yo, yo te mennen Ricardo Alberto ki gen 42 lane, nan yon prizon nan yon baz lame aeryen Gwatemala.

Yon sous ofisyèl konfime kèk èdtan apre yo transpòte li nan avyon.

De frè yo te arete 6 jen 2020 nan ayewopò nan yon vil nan Gwatemala pandan yo tap eseye retounen nan peyi yo nan yon vòl imanitè prive.

Lajistis Amerikèn mande fouke yo paske yo ta pèmèt peman $28 milyon fèt nan kont labank sekrè nan non plizyè konpayi ki pa egziste.

16 Novanm, yon jij tribinal federal Brooklyn te refize lage Luis Enrique sou kosyon. Panama te mande fouke de frè Martinelli yo tou pou yon eskandal koripsyon ke yo rele "pom ble", men lwa Gwatemala etabli priyorite ak peyi ki fè demann lan an premye, nan ka sa a se Etazini, dapre biwo avoka gouvenman lokal la.