Yon gwo zotobre nan Larisi fè konnen jedi 17 novanm 2016 la Moskou te pran kontak ak reprezantan ekip prezidan eli Etazini an Donald Trump pou yo pale sou kesyon Siri a.
Ajans nouvèl Interfax site pawol vis-minis afè etranjè Mikhail Bogdanov ki di jounalis yo ke Larisi deja koumanse kontakte moun yo ki ka travay kòm èd pou nouvo prezidan an.
Li pat klè touswit de kilès otorite ris la t ap pale, puiske prezidan eli Etazini an pako fòme kabinè li, kidonk li pako gen Sekretè Deta ak Sekretè Defans, ni nonmen Konseye pou Sekirite Nasyonal li.