Dè Milye Ayisyen Pran Lari pou Mande Premye Minis la Bat Zèl li

Yon afè 2 mil manifestan pran lari Pòtoprens, Okap ak lòt vil ankò kote yo bloke wout, fèmen biznis epi mande Premye Minis Ariel Henry bat zèl li pou yo ka viv pi byen.

Korespondan VOA Kreyol Matiado Vilme te sou plas lè yon manifestan te pran yon bal epi mouri è kout zam te marye.

Your browser doesn’t support HTML5

Manifestan Potoprens Mete Dife nan yon Moto

Manifestan ki pale ak nou di peyi a vinn envivab.

Zak vyolans ak kidnaping ap ogmante pi plis chak jou nan kapital la ak vil ozalantou yo.

Sitwayen yo plenyen tou lavi chè ki lakoz yo paka achte pwodwi premye nesesite, ni fè depans ki nesesè pou viv.