JENERALITE
Ayiti se yon repiblik konstitisyonèl avèk yon sistèm politik ki gen plizyè pati ladan l. Pi resan eleksyon lejislatif an dat yo te dewoule an novanm 2016. Obsèvatè entènasyonal konsidere eleksyon sa yo te lib e onèt. Jovenel Moise te eli prezidan pou yon manda 5 kan e li te prete sèman an fevriye 2017. Akoz yon blokaj politik, mete sou le fèt ke palman an pa t rive apwouve yon lwa elektoral ni yon bidjè nasyonal, eleksyon lejislatif ki te fikse pou obtòb 2019 yo pa t dewoule. An janvye manda palman an te ekspire; sa te kite 10 senatè sèlman ak zewo depite an fonksyon, epi Prezidan Moise te kòmanse dirije pa dekrè. Nan mwa mas la, Prezidan Moise te nonmen Joseph Jouthe kòm premye minis pou l te dirije yon nouvo gouvènman. Apre sa Prezidan an te renonmen oubyen ranplase tout majistra kominal ki te eli nan peyi a lè manda yo te echi nan mwa jiyè a. A pati de novanm, Prezidan an te tounen sèl lidè eli nan tout peyi a ki te gen pouvwa poze aksyon o nivo gouvènmantal, puiske 10 senatè ki te rete anpòs yo pa t kapab mennen okenn aktivite lejislatif poutèt pa t genyen kowòm
Polis Nasyonal d Ayiti, yon enstitisyon sivil otonòm ki anba otorite yon direktè jeneral, mentni sekirite nasyonal la. Polis Nasyonal d Ayiti gen ladan l lapolis, prizon ak detansyon, sèvis ponpye, repons an ka dijans, sekirite ayewopò, sekirite pò avèk fonksyon gad kòt. Depatman Jistis ak Sekirite Piblik, atravè minis li ak sekretè deta sekirite piblik li, gen sipèvizyon sou Polis Nasyonal d Ayiti a. Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la, ki gen premye minis la nan tèt li, ofri yon gid estratejik pou fòs polis nasyonal la. Konsèy Siperyè a gen ladan l tou direktè jeneral la ak enspektè jeneral an chèf Polis Nasyonal d Ayiti a, minis enteryè a avèk minis jistis la. An jeneral, otorite sivil yo mentni yon kontwòl efektif sou fòs sekirite yo. Manm fòs sekirite yo te komèt kèk abi pandan ane 2020 an.
Pami pwoblèm dwamoun grav yo, te genyen: daprè nouvèl yo, asasina ilegal ak abitrè ke gang te komèt –nouvel yo te fè konnen gang sa yo te jwenn apui ak pwoteksyon otorite anonim; lapolis te itilize fòs ki depase limit; kondisyon prizon ki malouk e ki mete lavi moun an danje; prizon prevantif abitrè e pwolonje; yon sistèm jistis ki mele nan koripsyon e ki anba enfliyans moun ki pa p travay nan sistèm nan; atak fizik sou jounalis; koripsyon ak enpinite ki gaye tou patou; absans ankèt ak jijman pou vyolans sou fanm; epi fòm travay timoun ki pi terib yo.
Se raman gouvènman te pran dispozisyon pou l jije ofisyèl gouvènman an ak manm lapolis ki te tonbe anba akizasyon dèske yo te komèt abi. Daprè nouvèl ki merite konfyans, kèk otorite te mele nan zak koripsyon, epi kèk gwoup nan sosyete sivil la te benefisye de enpinite toupatou.
Responsab yo pa t pran ase dispozisyon pou yo arete epi jije manm gang ki te anba akizasyon dèske yo te nan tèt anpil zak asasina, vyòl sou fanm avèk destriksyon pwopriyete moun –pami manm gang sa yo te genyen yon ansyen polisye.
(A suiv).