Selebrasyon Jou Drapo Nasyonal la ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Drapo Ayisyen an ki te kreye nan dat 18 me 1803.

Nan peyi d Ayiti, yon jou anvan Fèt Drapo ak Inivèsite a, vandredi 18 me a, Lekò Sent Margarette nan Petyonvil òganize yon selebrasyon avèk patisipasyon divès klas elèv. Elèv yo -gason ak fi- defile avèk rad koulè bikolò nasyonal la, ble ak wouj, sou yo.

Sè Marie-Guilène Célestin, responsab lekòl la ki pale ak korespondan nou Florence Lisené, presize selebrasyon sa a dewoule chak ane, e objektif la se fè ti ayisyen an, ti ayisyèn nan konnen enpòtans drapo a dwe genyen pou yo.