Peyi Donatè yo Tabli yon Rapò ant Kriz Politik la ak Kriz Imanitè a ann Ayiti

Manje PAM (Pwogram Alimantè Mondyal) pare pou l voye nan peyi k ap travèse kriz imanitè.

Anbasadè José Blanco, reprezantan Repiblik Dominikèn nan konsèy l'ONU pou Afè Ekonomik e Sosyal, fè konnen peyi li gen gwo kèsote devan sitiyasyon an lakay vwazen an. Daprè li, se yon sitiyasyon ki merite atansyon total kominote entènasyonal la.

Premye Minis ayisyen an, Joseph Jouthe, ki okipe an menm tan pòs Minis Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn, atire atansyon sou sa l konsidere kòm yon bann kriz ki prezante ansanm e ki lakoz sitiyasyon an vin pi mal nan peyi a. Li site, pa egzanp, dezòd politik, ensekirite, fenomèn “peyi lock “ la, yon enflasyon ki monte disèt wòtè, mete sou pandemi KOVID-19 la. Misye Jouthe deklare:

“Nou repete ankò bezwen nou genyen pou yon asistans koyeran e efikas.”

Dapre li, asistans Ayiti resevwa jiskela a bay rezilta melanje (kipa toujou pozitif), sa ki fòse gouvènman Prezidan Jovenel Moise la lage dout sou efikasite asistans la. Li ajoute:

“Nou dwe adapte pwojè yo avèk bezwen peyi a… yon fason pou repons n ap bay yo koresponn vrèman avèk bezwen nou yo.”

Premye Minis ayisyen an, Joseph Jouthe.

Anbasadris Elisabeth Millard, reprezantan Lèzetazini nan Konsèy Afè Ekonomik e Sosyal l’ONU an, ensiste sou angajman Washington vizavi koz imanitè a ann Ayiti. Li deklare:

“Nou se pi gwo peyi donatè a nan kontribisyon nou bay pou satisfè bezwen imanitè atravè lemond e ann Ayiti. Sa ki nesesè, se yon repons rapid, efikas e ki baze sou prensip… E pandan nap fè efò sa yo, nou dwe chache evite “double emploi.”

((Y ap sevi manje nan kad yon pwogram pou timoun k ap soufri ak mal nitrisyon nan Lopital Sen Lik nan Potoprens, Ayiti, nan dat 29 janvye 2020)).

Anbasadè José Blanco, reprezantan Repiblik Dominikèn nan konsèy la, fè konnen peyi li (ki pataje yon fwontyè avèk Ayiti) gen gwo kèsote devan sitiyasyon an lakay vwazen an, ke li dekri kòm yon sitiyasyon “grav” ki mache ak “divès kalte risk”; daprè li, se yon sitiyasyon ki merite atansyon total kominote entènasyonal la. Diplomat panyòl la di:

“Tout efò dwe fèt pou rezoud sitiyasyon politik la ann Ayiti, pou redui le plis posib konsekans pandemi KOVID-19 la sou ekonomi ayisyèn nan.”

Cherlande Dolciné, ki gen 20 an, ak pititfi li Dainaika Jean ki gen 2 an. Li kanpe devan kay li nan moman yon evalyasyon te montre l ap soufri ak yon malnitrisyon grav nan Pòdepè, Ayiti, nan dat 30 janvye 2020.

Reprezantant Lafrans la, Madmazèl Sophie Lecoutre, mande pou tout peyi genyen yon aksè ekitab ak vaksen KOVID-19 la. Li ajoute:

“COVAX gen yon wòl pou l jwe. Nou dwe ranfòse kowoperasyon an ant diferan aktè imanitè yo.”

COVAX se yon antite mondyal ki la pou garanti distribisyon vaksen kont kowonaviris la nan peyi pòv yo.

Anbasadè Kanada a, Robert Rae, lanse yon apèl bay gouvènman ayisyen an pou mande l poze pwoblèm ensekirite politik la atravè yon dyalòg enklisif avèk opozisyon politik la plis lòt pati enterese yo. Si kriz la pa rive jwenn yon solisyon, daprè Anbasadè Rae, “li posib pou sa genyen konsekans grav a lon tèm.”

Kanta pou Reprezantan Pwogram Alimantè Mondyal la, PAM (yon ajans l’ONU), ak reprezantan Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) avèk Òganizasyon Pan-Ameriken Lasante (OPS), yo pale de kontribisyon antite sa yo pote pou soulaje ensekirite elimantè a ak defisi sektè sante a ap konfwonte ann Ayiti.

Reprezantan ann Ayiti “Aksyon kont Grangou”, yon òganizasyon non-gouvènmantal, fè konnen aprè 36 zan sou teren an, ONG sa a remake kay peyi donatè yo sa li rele “yon mank enterè ki bay kèsote” lè li konsidere entèvansyon yo nan sitiyasyon kote lavi moun an danje. Reprezantan an deklare:

“Li trè zenpòtan pou kominote entènasyonal la kontinye montre solidarite li ak pèp ayisyen an. Nou dwe fè fas ak yon sitiyasyon ki kapab irevesib nan lavni.”

Michael Kohler, vis direktè jeneral Ajans Ewopeyèn pou Pwoteksyon Sivil ak Operasyon Imanitè, anonse ajans la ap mete a la dispozisyon Ayiti yon sòm tou nèf k ap monte rive 17 milyon dola pou asistans imanitè. Misye Kohler ajoute lajan sa a pral sove lavi epi ofri pwoteksyon pou migran ak moun ki viktim vyolans. Daprè li toujou, donatè imanitè yo ta dwe prepare yo pou jou kote Ayiti va rekanpe sou 2 pye li pou kont li. Li di:

“Mwen garanti nou sa: Inyon Ewòp la pral rete angaje kòm donatè imanitè bò kote Ayiti toutotan bezwen yo va egziste nan peyi sa a. Sitiyasyon an pral grav anpil nan ane k ap vini yo.”

Margaret Besheer te bay kontribisyon li nan preparasyon atik sa a.