Presidan Trump Aplodi Vòt Sena a sou Pwojè Lwa Taks la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ameriken an, Donald Trump.

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, felisite Senatè Repibliken yo poutèt yo reyisi fè pase yon kokenn vòt pwojè lwa taks samdi 2 desanm 2017 la, byen bonè nan maten. Prezidan Trump ki tap pale ak laprès devan Lamezon Blanch la di repotè yo desizyon sa a se “Pi gwo rediksyon taks nan istwa peyi nou an.”

Senatè yo vote 51 pou, 49 kont san pa gen yon grenn Demokrat ki vote an fave bill la. Prezidan Trump repwoche Demokrat yo pou sa, li deklare se yon erè politik Demokrat yo fè e yo gen pou yo peye sa chè nan eleksyon ki gen pou fèt nan mitan ane 2018 la.

Gen kèk etap ki sipoze franchi toujou anvan proje lwa taks sa tounen yon lwa a; yon vesyon pwojè lwa sa a senatè yo vote a te deja pase nan chanm depite a, anvan pou yo voye dokiman final la bay egzekitif la, chanm Sena ak Depite a dwe travay sou li pou fè li tounen yon sèl pwopozisyon lwa.

Bon jan negosyasyon konsènan desizyon taks la gen pou tanmen pandan chanm Sena ak Depite yo ap eseye an menm tan wè si yo ta respekte delè 8 desanm lan ki se denye jou pou fon gouvènman an espire. Sitiyasyon sa vin lakoz gen plis presyon sou do Repibliken yo pou yo pase yon nouvo lwa sou taks anvan fèt Nwèl la jan Prezidan Trump mande l la.