Direktè òganizasyon Pan-Amerikèn Sante di Li Gen Enkyetid Devan Ogmantasyon Kantite Moun kap Ospitalize ann Ayiti

òganizasyon Pan-Amerikèn Sante

òganizasyon Pan-Amerikèn Sante bay yon konferans pou laprès sou sitiyasyon Covid-19 la nan Amerik yo. Nan konferans de pres sa a Medsen OPS yo fè komantè sou sitiyasyon Covid-19 la ann Ayiti.

Doktè Aldighieri deklare òganizasyon Pan-amerikèn Sante gen enkyetid devan sitiyasyon epidemyolojik la ann Ayiti. Li di: Tankou Direktè OPS la te di nan deklarasyon li fè mèkredi a, yo gen enkyetud devan ogmantasyon kantite moun kap ospitalize ann Ayiti. Li di ka Covid-19 yo ap ogmante, spesyalman nan Pòtoprens.


Doktè Aldighieri di li enpòtan pou l mansyone: Laboratoire nasyonal Ayiti a detekte 2 varyan ki bay enkyetid. Li ajoute: nan kontèks sa a, gouvènman Ayiti a enpoze kouvrefeu nan nwit ansanm ak kèk lòt mezi.

Pou sa k konsène kantite ka Covid-19 yo kap ogmante ann Ayiti, Doktè Aldighieri di: Peryòd instabilite politik la ann Ayiti avèk yon nivo pèsepsyon tou ba konsènan risk nan mitan popilasyon an pandan mwa ki pase yo, byen kapab gen yon enpak negatif ni sou aktivite kontwòl yo ni sou siveyance yo.

Doktè Alighieri kontinye pou l di: Ministè Sante Piblik Ayiti a avèk Sant Gheskio, epi Zanmi La Sante ogmante kapasite pou yo fè tès Covid-19 yo pandan denyè mwa yo.

Pou sa k konsène vaksen Ayiti genyen pou l resevwa gratis nan-men òganizasyon Pan-amerikèn Sante a, Doktè Jarbas Barbosa ki se assistan-direktè òganizasyon Pan-amerikèn Sante a deklare: pou kounye a, li pa kapab konfime yon dat ekzak Ayiti pral resevwa vaksen yo. Sepandan, li di yap fè efò pou wè si yo ka jwenn vaksen yo nan mwa jen an.