Depòtasyon Ayisyen yo Kontinye nan Repiblik Dominikèn

  • Jacquelin Belizaire

Soldiers guard the Dajabon border crossing between the Dominican Republic and Haiti after the borders were closed due to the assassination perpetrated by an armed group against the president of Haiti Jovenel Moise, in Dajabon, Dominican Republic, on July

Depòtasyon ayisyen nan Repiblik Dominikèn ap kontinye. Anpil fwa otorite imigrasyon dominikèn jis lage depòte ayisyen yo sou fwontyè pou y al chache chimen lakay yo.

Gen lòt fwa depòte yo suiv yon pwosesis fòmèl ki gen ladann plizyè enstitisyon e òganizasyon tankou GARR ( Gwoup d'Apui pou Rapatriye ak Refijye ), ak OIM ( Oganizasyon Mondyal Migrasyon )

Dapre plizyè anplawaye GARR, mwa novanm lan se te on mwa te terib pou depòte ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn.

Nouvèl yo rapòte gen plizyè fanm ki viktim depòtasyon - pami yo fanm ansent ou fanm ki fenk akouche ke imigrasyon te al pran yo nan lopital pou depòte yo.

SEE ALSO: Repiblik Dominikèn: Pa Ret Anpil Pasyan Ayisyen nan Lopital Dominiken yo Anko Akòz Depòtasyon yo

Anpil nan moun sa yo twouve-yo nan yon lokal GARR sou fwontyè Dominikani pataje ak Ayiti a . Zafè fanm ansent yo te pwovoke anpil reyaksyon ann Ayiti e nan kominote entènasyonal la.

Sosyològ Daniel Supplice, ke Premye Minis Ariel Henry te depeche nan Repiblik Dominikèn fè konnen otorite ayisyèn yo pwoteste kont sa, pandan ke li menm, li rekonèt kesyon bidjè sanitè responsab dominiken yo mansyone yo gen lojik ladann.

SEE ALSO: 'M'Pale Kare Avè yo' - Emisè Gouvènman Ayisyen nan Repiblik Dominikèn Supplice

Malgre depòtasyon masiv sa, anpil nan ayisyen yo depòte yo ap fè plan pou yo retounen an Repiblik Dominikèn, paske yo pa wè espwa lakay yo.

Sepandan, konfli ayisyano-dominiken an ki gen ladann aspè migratwa e diplomatik pa anpeche fonksyonman mache binasyonal la.

Yvon Vilnius kontribye a repotaj sa a depi Belladere