Depozisyon nan Kongrè Ameriken an sou Imigran Kriminèl ki sou Depòtasyon – Pami yo Imigran Ayisyen

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

US Congress

Nan yon seyans depozisyon ki dewoule nan Kongrè ameriken an mekredi 12 jiyè a ant manm yon komisyon Chanm Depite a (ou Chanm Reprezantan) ak yon delegasyon USAID (Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal ), non Ayiti te site kòm peyi ki pa vle resevwa imigran kap viv ilegalman Ozetazini e menm sa yo lajistis kondane pou zak kriminèl. Nan okazyon an, youn nan depite Eta Florid yo, Tom Rooney, te deklare :

<< Gen 85 peyi ki pa dakò pou yo resevwa sitwayen ilegal yo ki sou depòtasyon. Mwen konsidere 23 nan peyi sa yo kòm peyi rekalsitran tandiske gen 62 peyi ki vle pa kowopere. 243 mil imigran ilegal resevwa lèt depòtasyon yo; men peyi natal yo pa vle resevwa yo. 57 mil ladan yo se moun lajistis kondane pou krim .... Kiba se peyi nimewo 2 pami sila yo ki pa vle resevwa depòte yo avèk 40 mil imigran ilegal; Ayiti se 3èm peyi avèk 35 mil epi Brezil se 4èm peyi a avèk 30 mil.

Lokal Kongrè Lèzetazini an nan Washington, D.C.

​“Gen yon nèg ki rele John Jacques (nou menm, nan USAID, nou ka byen konnen misye). Se yon ayisyen kap viv illegal man Ozetazini. Pandan 3 fwa, nou te eseye fè li retounen ann Ayiti; men otorite yo pat vle resevwa l pandan 6 mwa. Nan mwame 2016 li te ansasinen sovajman yon dam 25 kan nan Eta Connecticut.”

Depite Rooney ajoute :

“An 2015 nou te bay Ayiti mwatye milya dola; kounye a nou menm, ki an fas mwen la a, nou vle pou nou ba li 157 milyon 500 mil dola. Pami lòt peyi ki pa vle resevwa depòte yo, gen Ekwatè, peyi Prezidan Rafel Correa; nou pa menm kwè nou gen anbasadè nan peyi sa a, men li resevwa 10 milyon dola. Nan menm ane 2015 la, nou te bay Ajantin 2 milyon 500 mil dola ; Bolivi, peyi Evo Morales la –yon peyi kote nou pa menm gen yon anbasadè- nou te ba li 56 milyon 500 mil dola an 2015. Kesyon map poze, se mande : “Poukisa pou nou apiye USAID lè li vle ede peyi ki pa vle resevwa depòte yo epi pou nou kontinye bay lajan pou sa? Genyen nan peyi sa yo kote nou pa menm gen anbasadè; epi se diktatè kap dirije yo.” >>

Delegasyon USAID te reyaji avèk, antwòt, yon entèvansyon Sarah-Ann Lynch, yon responsab nan Biwo Amerik Latin ak Karayib Depatman Deta a, Madam Lynch di Lèzetazini fè bon jan envestisman ann Ayiti e sitou nan peyi Ekwatè. Washington ap travay ak sosyete sivil la nan peyi sa yo pou amelyore reyalite yo. Echanj sa yo te fèt pandan dewoulman yon seyans depozisyon devan yon komisyon Chanm Depite a nan kongrè ameriken an.