Demokrat yo Devwale yon Pwoje Lwa Enpo Pou Milyadè yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Senate Ron Wyden, yon Demokrat ki reprezante eta Oregon pale ak jounalis yo pandan yon rankont nan Kongre a nan Washington, 26 Oct. 2021.

Demokrat nan Sena a devwale yon nouvo pwojè lwa enpo pou milyadè yo ki fè pati politik enteryè Prezidan Joe Biden ap pwopoze a.

Enpo sa a ke yo devwale Mekredi, ta vize Ameriken ki gen plis pase $1 milya dola an byen oubyen ki antre plis pase $100 milyon pa an.

Enpo sa a taka komanse konpase pou gwo fay ki egziste nan sèvis sosyal yo epitou kore plan chanjman klima Prezidan Biden ap eseye finalize prese-prese semèn sa a.

Fòk Biden jwenn sipò Demokrat kle tankou Senatè Kyrsten Sinema, ki reprezante Arizona, e ki te rejte plan yo te prezante anvan yo.

Prezidan Biden di pwojè lwa li a pap egzije okenn depans siplemantè e li pap ogmante enpo pou Ameriken ki antre mwens pase $400,000 pa an.