Etazini-Prezidansyèl : 10 Kandida Demokrat Patisipe nan 2èm Deba yo nan vil Detwa, Michigan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kandida ki te nan deba 30 jiyè a. De goch adwat: Marianne Williamson, Tim Ryan, Amy Klobuchar, Pete Buttigieg, Bernie Sanders, Elizabeth Warren, Beto O'Rourke, ansyen Gouvènè John Hickenlooper, ansyen Depite John Delaney, Gouv. Steve Bullock (Foto: REUTERS/Rebecca Cooktes).

Ozetazini, 10 pami 20 kandida demokrat pou plas prezidan an nan pwochen eleksyon yo, te ouvri 2èm seri deba yo nan vil Detwa, Eta Michigan, nan sware madi 30 jiyè 2019 la avèk plizyè flèch yo lanse sou Prezidan Donald Trunp. Sepandan chak nan kandida yo te atake lòt yo, sa ki montre divizyon ki egziste ant sila yo ki modere ak sila yo ki pwogresis.

Vrèmanvre, pou premye sware 2èm seri deba yo mesye-dam yo te tope kòn yo sou dosye tankou Swen Sante, Imigrasyon api kesyon pou konnen kiyès nan yo ki gen plis chans pou wete Donald Trump sou pouvwa a aprè eleksyon novanm 2020 an.

Kèk nan kandida modere yo te choute kareman sou kandida pwogresis tankou Bernie Sanders ak Elizabeth Warren, e yo te menm rive kwense yo avèk kritik sou plan yo genyen pou yo pote refòm total-kapital nan domèn swen sante a avèk chanjman klimatik yo. Youn nan modere sa yo se ansyen gouvènè Eta Kolorado a, John Hickenlooper….

Majistra Pete Buttigieg (agoch) ak Senatris Elizabeth Warren (adwat) ki t ap gade Senatè Bernie Sanders pandan li t ap reponn kesyon youn nan jounalis panelis yo (Foto: REUTERS/Lucas).

Misye Hickenlooper di : « Plan Sanders ak Warren genyen yo pral kreye dezaz nan biwodvòt yo. Se kòmsi yo te mete viktwa a nan yon lèt eksprès epi yo poste l, voye l bay Donald Trump

Senatè Bernie Sanders, pa t ezite defann plan refòm sante radikal li pwopoze a, ensiste pou l di sondaj dopinyon yo montre li kapab bat Donald Trump ane pwochèn.

« E rezon ki fè nou pral bat Trump --men bat li yon fason lèd- se paske misye se yon koken, li se yon fo-jeton e nou pral ekzpoze l pou sa l ye a. »

Depite Eta Ohio Tim Ryan, yon kandida modere, lanse avètisman pou l di Demokrat yo byen kapab pèdi eleksyon an si yo vini ak pwogram ki ale twò lwen sou goch politik la nan domèn swen sante, ekonomi avèk anviwonnman.

« Franchman mwen pa panse ajanda konsa se ajanda nou ka defann epi ranpòte lavikwa avèk yo. Nou fèt pou n pale de pwoblèm klas travayè a ap konfwonte. »

Sepandan Senatris Elizabeth Warren atire atansyon Demokrat yo sou nesesite po yo vini avèk yon seri de politik odasye si yo ta renmen bat Donald Trump ane pwochèn.

Depite Tim Ryan (D-Ohio) ki t ap poze pou yon foto aprè li te fin patisipe nan deba CNN te òganize madi 30 jiyè 2019 la nan Teyat Fox la, nan vil Detwa, Eta Michigan. (Foto AP/Paul Sancya).

« Nou menm Demokrat, nou ranpòte laviktwa lè nou byen konprann sa ki byen epi nou mete kè n deyò pou nou fè li. Mwen pa pè, mwen menm. E pou nou ranpòte laviktwa an tan ke Demokrat, fok nou pa pè non plis… »

10 lòt kandida demokrat pral patisipe nan 2èm sware 2èm deba yo mèkredi 31 jiyè 2019 la ; pami yo genyen kandida ki devan nan kous la, ansyen Vis Prezidan Joe Biden, avèk, antwòt, Senatris Eta Kalifòni Kamala Harris, Senatè Eta New Jersey Cory Booker, avèk ansyen Sekretè Deta Lojman ak Devlopman Iban sou Prezidan Barack Obama, Julian Castro