Prezidan Donald Trump Atake Kredibilite Vedèt Film Porno Stormy Daniels

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Donald Trump (agoch); epi Stormy Daniels.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, atake kredibiiite aktris film ponografik Stormy Daniels ki te rapòte nan le pase yon nèg te prezante devan n epi misye te manase pou l fè fanmi l mechanste si manmzèl pa t sispanan pale de yon afè fanm-ak-gason li te genyen avèk Misye Trump anvan dewoulman eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.

Vrèman-vre Stormy Daniel, ki t ap reponn kesyon yon gwoup dam animatris pwogram sou chèn televizyon ABC madi 17 avril la, bay detay sou nèg ki te swadizan fè l menas la. Stormy Daniels deklare:

<< Moun nan te mache dèyè m e m te wè refleksyon lombraj li dèyè m. Lè m vire, m te panse li ta pral mande m: "Madam, èske w konnen ki kote tèl ou tèl klas ye? Kote tèl ou tèl building ye, etc… Misye te mete men n an pòch li; epi, apre li fin gade pitit-fi m nan byen gade, mwen sonje l te di kòmkwa: <<O! Ala yon bèl ti pitit!! Ala di sa ta di si yon move bagay te rive manman l? Ou konn sa k pase Madam? Bliye pawòl w ap pale a; kite Misye Trump an repo, tande….” \

Imedyatman aprè m te fin tande sa a, sa pa t tèlmen fè sans nan tèt mwen. Apre sa, m te vire do m, m ale; epi m di: " Figi nèg sa a pral rete grave nan memwa mwen." >>

Sete deklarasyon Stormy Daniel, aktris film ponografik, ki pale konsa nan mikwo yon gwoup dam animatris pwogram chèn TeleVizyon ABC madi 17 avril la.

Kòm reyaksyon, prezidan ameriken an monte, nan kòmansman jounen mèkredi 18 aril 2018 la, sou kont twitter li kote li pibliye nòt sa a:

"Yon moun ap annik gade, byen gade, potrè wobo dam nan te bay lapolis kòm siyalman moun ki te swadizan menase l la (yon moun ki pa menm egziste), epi w ap wè se yon gwo manti manmzèl bay. Sa m rele “fo nouvèl” yo pali, yo eklipse devan gwo manti sa a."