Etazini-Imigrasyon: Lòd Lajistis an Favè Jenn Imigran Kap viv San Papye Ozetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manifestan k ap mande administrasyon Trump la pa anile pwogram DACA a, ki pèmèt plizyè santèn milye jenn imigran viv e travey san kè-sote Ozetazini.

La Mezon Blanch fè konnen, nan kòmansman jounen mèkredi 10 janvye 2018 la, li konsidere kòm yon eskandal lòd yon jij federal ameriken pase pou l mande Prezidan Donald Trump pa deranje yon pwogram ki pwoteje kont depòtasyon plizyè santèn milye jenn moun ki te antre ilegalman Ozetazini ak paran yo pandan yo te piti toujou.

Pòtpawòl La Mezon Blanch, Sarah Huckabee Sanders.

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Sarah Sanders, di yon dosye ki gen yon gwo enpòtans konsa se yon bagay ki ta dwe pase atravè yon pwosesis lejislatif nòmal.