Ozetazini, kandida a la prezidans pou pati republiken an, Donald Trump, byen plase pou l ranpòte tou lè 5 eta kap òganize eleksyon primè yo madi 26 avril la, sa kap pèmèt li ajoute yon bon valè delege sou kantite li deja genyen an pandan lap avanse sou wout pou l ranpòte nominasyon pati a
Eta ki gen primè yo nan jounen madi a se: Pennsilvani, Maryland, Delaware, Rhode Island avèk Connecticut. Eleksyon sa yo ap dewoule aprè 2 prensipal rival Trump yo --Ted Cruz ak John Kasich-- te anonse yap mete tèt yo ansanm pou yo anpeche Trump jwenn 1237 delege li bezwen pou l ranpòte nominasyon an. Objektif taktik sa a se chache pèmèt kandida ki pi pre Trump la, Ted Cruz, ranpòte nominasyon an. Donald Trump reponn pou di li konsidere desizyon sa a kom aksyon 2 kandida dezespere.
“Mwen pral bat Hillary Clinton, magouyèz ki rele Hillary a… mwen pral bat li seryezman, map bat li byen bat. Men, mantè ki rele Ted Cruz la pa ka bat li.”
Bò kote Demokrat yo, Hillary Clinton, nan yon sesyon kesyon-repons ak yon gwoup jounalis lendi nan Eta Delaware, pat mete dlo nan bouch li pou l reponn Donald Trump, menm si se yon fason endirèk. Daprè li, moun ki vle vin prezidan Lèzetazini an dwe byen konnen sitwayen ameriken yo, kèlkeswa kouch sosyal e ekonomik yo.
“Se pa yon moun ki konn kondui avyon, ki konn ateri avyon. Se pa yon moun kap mache fè gwo diskou kote lap manke tout moun dega jan l vle... epi, apre sa, li retounen pran avyon li, li dekole, l ale nan gwo chato vakans li nan Florid, nan gwo palè wayal li nan New York.”
Pou le moman, nan dekont jeneral delege yo, Hillary Clinton genyen yon gwo avans sou rival li a, Bernie Sanders. Men, tablo a va pi klè apre dat 7 jen 2016 la, jou kote dènye eleksyon primè yo va dewoule nan 6 eta --pami yo genyen Kalifòni, eta ki gen pi gwo popilasyon an Ozetazini.