Ozetazini, Prezidan Barack Obama se oratè prensipal la, mèkredi 27 jiyè 2016 la, sou pwogram konvansyon nasyonal Pati Demokrat la kap dewoule depi 3 jou nan Eta Pennsilvani, pi presizeman nan vil Filadèlfi.
Nan diskou Misye Obama pral fè a, li gen pou di sitwayen ameriken yo poukisa li panse Hillary Clinton --ki te sèvi kòm Sekretè Deta sou premye manda administrasyon li a-- ta dwe ranplase li nan La Mezon Blanch apre li va kite plas la an janvye 2017 la.
Pami lòt pèsonalite ki pral pran lapawòl nan sware mèkredi a, gen Vis Prezidan Joe Biden, kandida Madam Clinton chwazi pou plas Vis Prezidan an, Senatè Timothy Michael Kaine (D-VA), avèk ansyen manistra vil New York la, Michael Bloomberg. Oratè sa yo pral defile sou podyòm nan yon jou apre delege yo te pwoklame Madam Clinton kandida ofisyèl pati demokrat la pou eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.
Your browser doesn’t support HTML5
Pou plis detay sou ajanda aktivite yo pou sware jounen mèkredi a, antwòt, nou envite telespektatè yo klike sou lyen anlè a pou yo koute yon entèvyou anvwaye espesyal Lavwadlamerik la, Serge François Michel, bay Jean-Pierre Leroy.