Etazini-Prezidansyèl: Hillary Clinton Aksepte Nominasyon Pati Demokrat la – Analiz ak Kòmantè

Kandida a la prezidans pati demokrat la, Hillary Clinton, fè yon siyn ankourajan pandan li tap salye patizan li yo nan fen konvansyon demokrat la nan Filadèlfi nan fen jounen jedi 28 jiyè 2016 la.

Nan okazyon dewoulman konvansyon pati demokrat la nan Filadèlfi, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te gen okazyon ofri oditè yo kòmantè espesyalis ki ede yo konprann pi byen fonksyonnman sistèm elektoral ameriken an.

Mete sou analiz sa yo, nou te prezante tou, antwòt, kèk segman espesyal sou wòl konvansyon yo nan sistèm nan, istwa ak platfòm pati politik yo, tandans elektora a pandan dat ap pwoche pou votan yo fè chwa yo, konesans ak kandida yo gras ak pwofil yo, gras ak biyografi yo, elatriye...

Kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump.

An plis pwogram nòmal nou yo, nou te fè travay sa a tou gras ak yon emisyon nou te ajoute sou pwogramasyon nou nan dènye sware chak nan 2 konvansyon yo; epi afilye nou yo ann Ayiti te retransmèt an dirèk pwogram an plis sila a.

Espesyalis nou te envite pandan tou lè 2 sware final yo, sete pwofesè Frantz-Antoine Leconte, kap anseye nan CUNY (College University of New York) e ki te fè analiz ak kòmantè ki ede nou konprann pi byen eleman ekonomik, politik e sosyal ki sou platfòm 2 pati yo, kijan elektora a resevwa fason 2 kandida yo prezante platfòm sa yo, batay vèbal (batay ide) ki te genyen ant Hillary Clinton ak Donald Trump pandan dewoulman konvansyon yo, epi sitou mesaj yo tou lè 2 mete devan pèp ameriken an ak lemond pandan yo tap fè diskou pou yo aksepte ofisyèlman nominasyon yo.

Your browser doesn’t support HTML5

Entèvyou pwofesè Frantz-Antoine Leconte bay Jacquelin Bélizaire ak Lyonel Desmarattes sou diskou Hillary Clinton nan.

Hillary Clinton ( adwat ) ak kandida pou plas Vis Prezidan pati demokrat la, Senatè Timothy Michael Kaine (D-VA).

Klike sou lyen anlè a pou w tande yon ektrè komantè Pwofesè Leconte ki tap reponn kesyon Jacquelin Bélizaire ak Lyonel Desmarattes aprè Hillary Clinton te fin fè diskou kote li aksepte nominasyon li kòm kandida a la prezidans pati demokrat la pou l te mete fen nan konvansyon Filadèlfi a.