Ayiti-Mibalè: Mesaj Lanmou Kèk Otorite Relijye nan Okazyon Nwèl la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Fenèt yon legliz nan Bulgaria, 25 desanm 2017.

Nan okazyon fèt Nwèl la, Monseyè Jean Zache Duracin, evèk legliz episkopal kominyon anglikann nan, voye yon mesaj nan tout legliz an Ayiti kote li mande pep yo prye anpil pou konbat vyolans,visisitid, lagé, ak menas lagè atravè mond la.

"Pou anpeche sa, fok plan Bondye a penetre yo" dapre Monseyè Duracin ki di tou gen twòp hèn, egoyis, jalouzi nan sosyete yo sa ki parèt kontrè ak lespri Nwèl la, ki pote lanmou,lapè,ak fratènite epi respè mityèl ak pataj.

Yon lòt kote, nan legliz St Pierre, Mibalè a, Rev père Jean Alphonse Jean Philippe, fè konnen fèt fen dane yo prèske fin pèdi valè yo te gen otrefwa yo dapre yon repòtaj Jean Christophe Collegue depi Mibalè.