Chantez Pop Britney Spears Libere! Papa'l Paka Kontwole Lavi'l Anko

Fanatik yo fete nan Los Angeles, Kalifoni apre yon jij deside libere chantez Britney Spears anba kontwol papa li, 12 Nov. 2021.

Britney Spears lib. Yon jij nan Los Angeles mete fen Vandredi nan tutèl ki te pèmèt papa vedèt pop Amerikèn nan kontwole lavi'l ak lajan'l pandan prèske 14 zan.

Desizyon sa a ke jij Kou Siperyè Brenda Penny pran, pmete fen nan yon trajè ki te fè anpil moun sezi kote Spears te mande piblikman pou tutèl la fini. Li te adopte kèk mezi legal moun pa wè souvan pou atenn objektif li.

Your browser doesn’t support HTML5

Britney Spears Granmoun Tèt li, Se Sa Yon Jij Deside