Ayiti-Politik: Konvokasyon Palman an ann Asanble Nasyonal pou l Pwononse l sou Pwochen Lidè Peyi a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ann Ayiti, prezidan pwovizwa Sena a, Ronald Larêche, ak prezidan Chanm Depite a Cholzer Chancy konvoke palmantè yo ann asanble nasyonal pou madi 21 jen 2016 la pou yo pwononse yo sou chwa pwochen dirijan peyi a apre manda Prezidan Jocelerme Privert te pran fen nan dat 14 jen 2016 la.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou lendi 20 jen 2016 la

Yon lòt kote, aktyalite a ann Ayti se, antwòt, repriz eleksyon prezidansyèl yo, eleksyon pou yon tyè sena a, plis vòt pou pèp la chwazi dirijan li nan tout lòt nivo. Kolèg nou, Jacquelin Belizaire, ki te an misyon espesyal nan Pòtoprens nan jou ki pase yo, te rankontre ak prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Léopold Berlanger, pou denyè nouvèl sou pwosesis elektoral la.

Anfen, depi kèk tan deja yon òganizasyon devlopman pran nesans nan dyaspora a. Non òganizasyon sa a se The Friends of Haiti, oubyen Zanmi Ayiti. Objektif prensipal Zanmi Ayiti se travay pou rebwaze peyi d Ayiti. Pòtpawol e responsab relasyon piblik òganizasyon an, Moryll Gattreau, pote plis detay nan mikwo Lyonel Desmarattes.