Kiba-Castro: Gouvènman an Anonse Demisyon Raul Castro pou Avril 2018

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Nouvèl ki sòti Kiba fè konnen Prezidan Raul Castro gen plan pou l rete sou pouvwa jous nan mwa april 2018 anvan li bay demisyon li, swa 2 mwa plis ke tan otorite yo te anonse a. Sa vle di kontwòl lafami Castro a sou peyi kominis la pral pran fen aprè preske 60 tan.

Nan jounen jedi 21 desanm 2017 la, palman an deside mete 2 mwa sou sesyon lejislatif la; sa vle di li pral fini nan dat 19 avril 2018, akoz move konsekans siklòn Irma sou peyi a. Move tan an te pase nan rejyon Karayib la nan mwa septanm 2016. Pa le fèt ke konsèy deta aktyèl la --ki anba kontwòl yon gwoup puisan ke Castro ap dirije-- pral rete an sesyon jous nan mitan mwa avril la, li pran dispozisyon pou Raul Castro, ki gen 86 zan, rete sou pouvwa a jiska dat sa a.

Daprè previzyon ki fèt, premye vis prezidan gouvènman Castro a, Miguel Diaz Canel, ki gen 57 tan, pral tounen pwochen prezidan kiben menm si Castro ap toujou rete chèf pati kominis la. Sepandan demisyon sa a ka mete fen nan rèyn lafanmi Castro a ki pase 59 lane ap dirije Kiba, akòmanse pa yon mouvman revolisyonè kote Fidel Castro te pran pouvwa a nan men diktatè Fulgencio Batista an 1959. Fidel Castro, ki te remèt pouvwa a bay ti frè li, Raul, an 2008, te mouri nan ane 2016 la.


Miguel Diaz Canel pran angajman pou l kontinye politik Raul Castro yo; pa egzanp, se pral toujou yon peyi avèk yon ekonomi kontwole kote antrepriz yo ap kontinye genyen yon kwasans limite; pral toujou genyen yon sèl pati politik, epi gouvènman an pral kontinye kontwole preske tout aspè lavi kiben yo.