WASHINGTON, DC —
Fidelito se piit Fidel Castro ak premye madanm li, Mirta Diaz-Balart, yon dam ki te sòti nan aristokrasi kibèn nan, Castro te marye avè l pandan misye te jenn e anvan li te lanse Revolisyon kibèn nan ki te ranvèse diktati Fulgencio Batista a an 1959.
Pi gran pitit gason defen lidè kominis Kiba a, Fidel Castro, touye tèt li jedi premye fevriye 2018 la aprè plizyè mwa tretman pou depresyon, daprè sa televizyon Leta a anonse nan La Avàn. Fidel Castro-Diaz-Balart te gen 68 tan. Tretman li a te oblije li ale lopital pandan yon tan; ansuit doktè te swiv li adomisil.
Fidelito (ou Ti Fidèl, jan yo te rele li nan Kiba,paske li te tèlman sanble avèk papa l) te etidye fizik nikleyè nan Linyon Sovyetik e li te travay kòm konseye syantifik pou Konsèy Deta kiben an. Li te vis prezidan Akademi dè Syans Kiba a e li te dirije pwogram nikleyè kiben an ant 1980 e 1992.
Bò kote manman Fidelito, li se yon kouzen Depite ameriken Mario Diaz-Balart ki genyen nan sikonskripsyon li anpil egzile kiben nan Eta Florid; li se kouzen tou ansyen Depite ameriken Lincoln Diaz-Balart.
Ti Castro te toujou rete fidèl ak ideyal kominis papa li yo. Lanmò li vini plis pase yon lane anviwon aprè papa li te mouri nan mwa novanm 2016. Fidel Castro Père te genyen 90 zan.