Burundi: 38 Moun Mouri, 69 Blese Nan yon Dife Nan yon Prizon

Un champ en feu au Burundi, le 20 juillet 2015.

Vis-prezidan Burundi a Prosper Bazombanza ki te vizite espas la di laprès, "Trant-uit moun te mouri ak 69 blese grav nan yon dife ki te pran nan prizon santral Gitega a, Madi maten".

Plizyè temwen te di AFP ke dife a te boule yon pati nan prizon ki te gen on pakèt prizonye seksyo te gen ladan li 1,539 prizonye.

Dapre temwen yo, "gwo flanm dife", te kòmanse nan anviwon 4 è nan maten, pandan ke prizonye yo te nan dòmi.

Yon prizonye te di AFP "Nou te kòmanse rele anmwey lè nou te wè gwo flanm dife a ki tap monte byen wo, men lapolis te refize ouvri pòt yo, e yo te di nou se lòd nou te resevwa".

Dapre yon sous lapolis, sèvis ijans yo te pran tan pou yo rive.

Yon premye kamyon ponpye te rive dezèdtan apre dife a te kòmanse, apre sis lòt ki soti nan vil pwovens yo ki toupre kapital la te vini pote sekou.

Dife a te koze pa yon "kout sikwi," dapre sa Ministè Enteryè a, Devlopman Kominotè ak Sekirite Piblik te di sou kont Twitter yo.

Prizon santral kapital Burundi a te Konstwi an 1929, se twazyèm pi gwo prizon nan Burundi.