Ayiti: Yon Prèt Katolik ak Plizyè Pasaje yon Bato Transpò Disparèt nan yon Nofraj nan Nòdwès

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon bato avwal sou lanmè ann Ayiti. Foto achiv

Van kap soufle nan Depatman Nòdwès peyi dAyiti rann li difisil pou sekouris yo jwenn anviwon yon douzèn pasaje, pami yo yon prèt katolik, ki disparèt depi wikenn nan lè bato ki t ap transpòte yo a te chavire bouch anba tou pre zile Latòti.

5 pasaje sove nan nofraj la. Delege Depatman an, Owell Theock, di ajans maritim ayisyen an (SEMANAH) ap rankontre otorite lokal yo madi 27 mas pou diskite dispozisyon ki dwe pran pou evite mòd trajedi sa yo. Delege Teock di operasyon rechèch yo etann sou tout vil kotyè depatman an.

Klike sou odyo a pou plis enfòmasyon:

Your browser doesn’t support HTML5

Entèvyou ak Delege Nòdwès la Owell Theock sou Aksidan Bato a