Blinken: 'Izrael Gen Dwa Defann Tet li'

Your browser doesn’t support HTML5

Blinken Vizite Izrael pou Montre Sipo Etazini nan Konfli ak Hamas la

Izrael di jedi fòs li yo ap pare pou yon operasyon atè nan Gaza, men li pako pran okenn desizyon sou ki lè sa pwal fèt.

Lame Izrael la plase 300 mil rezèvis toupre fwontyè li ak Gaza pandan li ap reponn yon atak Hamas ki te touye pou pi piti mil 200 moun ann Izrael.

Izrael te lanse yon kanpay frap aeryen kote li touye mil 350 moun nan Gaza kèk èdtan apre Hamas te antre nan Izrael samdi a.

Nasyon Zini di preske 340 mil moun kouri kite kay yo nan Gaza, e ke plis pase 2 tyè nan yo al refijye nan kèk lekol l-ONU.

Sekretè Deta Etazini Antony Blinken di, jodi jedi a, Izrael gen dwa defann tèt li, men li souliyen tou ke Izrael dwe pwoteje sivil inosan nan konfli a. Blinken te pale konsa nan yon rankont ak Premye-minis Benjamin Netanyahu.

Kèk òganizasyon imanitè eksprime kè-sote poutèt Izrael mete yon blokis ki pa kite antre nan Gaza manje, kaburan ak medikaman.

Biwo Prezidan Ejip, Fattah el-Sissi, di nan yon deklarasyon ke li te enfòme Premye-minis Grand Bretay Rishi Sunak nan yon kout telefòn jodia ke Ejip ap pouse pou sityasyon-an kalme pou anpeche li tounen yon larivyè san kote se sivil inonsan ki pwal peye pri a.