Yon Jij Kondane Aktè Komedyen, Bill Cosby, pou l Pase ant 3 a 10 Zan Prizon pou Abi Seksyèl

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Aktè komedyen Bill Cosby polisye yo ap eskòte pou mennen nan prizon apre yon jij nan vil Montgomery, eta Pensivani fin kondane li pou abi seksyèl. 25 septanm 2018. (Foto: AP/Matt Slocum)

Yon jij nan eta Pensilvani rann yon vèdik jounen madi 25 septanm 2018 la, kote li pase lòd pou selèb aktè nwa-ameriken Bill Cosby pase ant 3 a 10 zan nan yon prizon eta sa a.

Mesye Cosby te anba akizasyon komkwa li ta bay yon dam dwòg pou l te ka antre nan relasyon seksuèl avek li nan rezidans prive aktè prensipal seri I SPY la an 2004.

Jij Steven O'Neil mande pou mennen mesye Cosby nan prizon san pèdi tan.. Aktè prensipal show komedy The Cosby Shoe ane 1980 yo, se premye selebrite ki jwenn kondanasyon li nan kad mouvman # ME TOO a isit Ozetazini.