Bidjè Mezon Blanch Mete Devan Kongrè a Santre sou 2 Mo Kle, " Lèzetazini Dabò"

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kopi premye bidjè administrasyon Prezidan Donald Trump la depoze devan Kongrè a gen pou tit," Lèzetazini Dabò." (Foto: AP/J. Scott Applewhite)

Mezon Blanch bay detay sou yon nouvo bidjè gouvènman federal la ki chita sou slogan "Lèzetasini Dabò." Nouvo bidjè sa a, si l pase nan Kongrè a, pral mete gwo ogmantasyon nan bidjè depatman defans peyi a: pi fò nan lajan kap nesesè pou kore travay depatman defans la ap soti, antwòt, nan rediksyon gouvènman an pwopoze sou asistans entènasyonal e sou bidjè ajans k ap fè aplike règleman sou pwoteksyon anviwonman an.

Prezidan Donald Trump voye bay Kongrè a yon lèt kote li di: "Objektif bidjè nou pwopoze a se fè sekirite pèp ameriken an tounen priyorite nimewo 1 nou, paske san sekirite pap kapab genyen pwosperite.

Bidjè a prevwa yon ogmantasyon 54 milya dola pou defans Lèzetazini tandiske li prevwa rediksyon nan pwogram ki pa gen rapò ak domèn defans la. Pami pwogram sa yo, genyen kèk ke lidè yo nan Kongrè a renmen anpil tankou rechèch nan domèn medikal la, avèk asistans pou veteran ki lage nan lari paske yo pa gen kay pou yo rete.

Nan lèt Mesye Trump voye bay kongrè a, li deklare: "Nou genyen anpil chwa difisil devan nou, e sa gen lontan depi nou te dwe fè chwa sa yo."