Biden Sèmante pou l Montre Mond lan Lèzetazini Kanpe Fèm ak Izrael

Prezidan Joe Biden rankontre viktim paran ak sekouris ki afekte direkteman pa atak Hamas yo, 18 Oktob, 2023 nan Tel Aviv.

Prezidan Joe Biden sèmante pou l montre mond lan ke Lèzetazini kanpe solidè ak Izrael pandan vizit li nan peyi a Mèkredi.

Biden ofri tou kont randi pa li de atak kont yon lopital nan Gaza Madi ki te lakoz anpil san te koule e ki soulve pwotestasyon bò kote peyi Arab yo. Biden di sanble se pa lame Izraelyen an ki lanse atak sa a.

Biden di li baze konklisyon sa a sou enfòmasyon Depatman Defans Etazini an genyen.

Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Izraelyen an, Benjamin Netanyahu, 18 Oktob, 2023.

Biden te pran la pawòl pandan yon rankont dijans li te genyen ak Premye Minis Izraelyen an Benjamin Netanyahu.

Ministè Sante Gaza a, ke Hamas dirije deklare se yon atak ayeryen Izraelyen ki koze destriksyon lopital la.

Lame Izraelyèn nan demanti li gen anyen pou wè ak atak la. Li blame pito yon obu Jihad Islamik Palestinyen an ki mal fonksyone. Gwoup sa a se yon gwoup militan ki diferan ak Hamas. Gwoup sa a tou, demanti li responsab pou eksplozyon lopital la tou.