Biden Retounen Washington

Prezidan Joe Biden rive nan Baz Aviyasyon Joint Base Andrews, Samdi 16 Jiye, 2022.

Prezidan Etazini Joe Biden rive nan baz aviyasyon Joint Base Andrews Samdi apre yon vire won 4 jou nan Mwayèn Oryan an.

Pandan sejou li, Biden te vizite Arabi Saoudit, Israel ak Riv Oksidantal la.

Li te asiste yon rankont rejyonal nan Arabi Saoudit Samdi kote li te di Etazini paka vire do li bay Mwayen Oryan an sou kestyon sekirite epi kite yon vid ke La Risi, La Chin oubyen Iran taka eseye konble.

Biden te souliyen tou, prensip estrateji li pou rejyon an, ki konsantre sou kowoperasyon rejyonal pou fè fas ak menas yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press