Biden Ap Sèvi ak Rezèv Petwòl Nasyonal la pou Konbat Wòs Pri Gaz la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Gwo depo gaz nan yon rafinri nan vil Detwa, Eta Michigan. Madi 23 novanm nan, Prezidan Biden di gouvènman li a pral wete anviwon 50 milyon dwoum petwòl nan rezèv estratejik Etazini an pou l mete sou mache entènasyonal la.

Nan yon deklarasyon La Mezon Blanch pibliye, li di Prezidan Biden dispoze sèvi ak tout mwayen posib pou l anpeche pri gaz la monte, puiske ogmantasyon pri a gen move konsekans sou fanmi amerikèn yo.

Aktyalite a Ozetazini: La Mezon Blanch anonse, nan jounen madi 23 novanm nan, administrasyon Biden nan deside retire plizyè milyon barik petwòl nan rezèv estratejik peyi a pou l ditribiye nan divès peyi, kòm yon mwayen pou anpeche pri gaz la kontinye monte.

Daprè yon deklarasyon La Mezon Blanch pibliye, Prezidan Biden dispoze sèvi ak tout mwayen posib pou l anpeche pri gaz la monte, puiske ogmantasyon pri a gen move konsekans sou fanmi amerikèn yo.

Klike sou video ki pi ba a pou w suiv yon repòtaj avèk Lyonel Desmarattes.

Your browser doesn’t support HTML5

Biden ap sèvi ak resèv petwòl nasyonal la kont wòs pri gaz la.