Etazini-Eleksyon: Joe Biden Chwazi Senatris Kamala Harris kòm Kandidat pou Plas Vis Prezidant la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Joe Biden avèk Kamala Harris, ki t ap bay lanmen anvan kòmansman 2èm deba yo ki te dewoule nan vil Detroit, Michign, 31 jiyè 2019. (Foto: REUTERS/Lucas Jackson).

Kandida Pati Demokrat pou pòs Prezidan an nan eleksyon novanm pwochen an, Joe Biden, chwazi Senatris Eta Kalifoni an, Kamala Harris, kòm kolistye li, sètadi kòm kandidat pou plas Vis Prezidant la; konsa Misye Biden fè Madam Harris tounen premyè nwa-amerikèn ki jwenn nominasyon pou non li ekri sou tikè yon gwo pati ameriken pou youn nan 2 pi gwo pòs elektoral nan peyi a. Kòm Madam Harris se yon desandant endyèn, l ap fè listwa tou kòm premyè gwo kandida ameriken ki gen orijin li nan rejyon Azi-di-Sid la k ap patisipe nan eleksyon jeneral la.

Nan yon nòt Misye Biden pibliye nan fen jounen madi 11 out la sou kont Twitter li, li deklare :

“Se yon gwo onè pou mwen anonse mwen chwazi Kamala Harris –yon sòlda ki pa pè batay pou sila yo ki piti, e youn nan fonksyonè piblik ki gen plis prestij nan peyi a-- kòm kandidat a la prezidans mwen. Ansanm avèk nou menm, nou 2 a pral bat Trump.”

Kandida pou plas prezidan an, Joe Biden, ki t ap pale nan yon meeting Pati Demokrat la t ap òganize nan vil Wilmington, Eta Delaware, nan dat 28 jiyè 2020 an.

Apre Misye Biden, ki gen 77 an, te fin ranpòte ase eleksyon primè pou l te mete men sou nominasyon an anvan mitan ane sa a, li te pran angajman pou l chwazi yon fanm kòm kandidat pou plas vis prezidant la. Anpil sipozisyon t ap fèt sou posiblite pou l te deziye yon fanm pou pataje tikè a avèk li. Se konsa yon kantite non fanm moun byen konnen e ki merite respè te pran sikile nan laprès kòm posib kolistye. Sepandan Misye Biden ak Madam Harris genyen yon zanmitay ki la lontan e ki remonte jous nan epòk kote senatris la te minis jistis Eta Kalifòni nan menm moman kote yon defen pititgason Joe Biden, Beau Biden, te minis jistis Eta Delaware.

Nan menm fen jounen madi a, Misye Biden ekri sou kont Twitter li:

“Li (Kamala Harris) te travay yon fason sere-sere avèk Beau. Mwen te la pou m konstate kijan yo te atake gwo bank yo, kijan yo te voye klas travayè a monte pandan yo t ap pwoteje fanm yo ak timoun yo kont abi yo t ap sibi. Mwen te fyè de yo e jounen jodi a se avèk fyète mwen genyen Kamala kòm asosye m nan kanpay elektoral sa a.”

Kamala Harris, ki genyen 55 an, te chante lwanj Joe Biden pandan yon meeting elektoral ki te dewoule sa gen kèk semèn sèlman, byen anvan Misye Biden te chwazi li kòm kandida pou plas vis prezidant la. Senatris Kalifòni an te deklare:

“Joe se yon moun ki gen bon jan; li gen yon dosye ki montre li se yon lidè; e, jounen jodi a plis ke jamè oparavan, nou bezwen yon prezidan pou Lèzetazini d Amerik ki konprann kisa moun ye, ki konsidere yo pou sa yo ye a, ki genyen tout bon yon volonte pou li ede yo e ki konnen kijan pou l batay pou l fè nou rive kote nou dwe rive a.”

Kamala Harris te pran nesans nan vil Oakland, Eta Kalifòni. Papa l se yon desandan jamaiken epi manman li se yon desandant peyi Lend. Li te pran diplòm dwa li nan Hastings College, Inivèsite Kalifòni, e li te ranpòte eleksyon pou plas komisè gouvènman vil San Francisco nan lane 2003; ansuit li te vin okipe plas minis jistis Kalifòni an 2010. Madanm Harris te rive Washington, D.C., sa gen mwens ke 4 lane pou l te okipe pòs senatris Kalifòni nan Kongrè ameriken an. Pandan li t ap mennen kanpay pou nominasyon Pati Demokrat la pou eleksyon prezidansyel novanm 2020 an, li te okipe pandan yon bout tan premye pozisyon an pami tout kandida ki yte nan kous la e sete rezilta siksè li te ranpòte nan premye deba elektoral yo.