Biden Fè Mye; Lamezonblanch di Li Okipe

Prezidan Joe Biden siyale li anfom apre manm lapres mande li kijan li santi'l jodia, nan Lamezonblanch, Vandredi 22 Jiye, 2022.

Sentom COVID-19 yo kite Prezidan Joe Biden ak yon vwa ki anwe epi yon tous nan moman li tap rankontre ak ekip konseye ekonomik li yo pa videyo-konferans Vandredi. Men li te eseye rasire yo. Li deklare "mwen santi m pi byen pase jan mwen sonnen."

Responsab Lamezonblanch yo di Biden travay plis pase 8 hè'd tan pa jou. Apeti li pa diminye e li siyen kek nouvo lwa epi patisipe nan rankont ak responsab ransèyman yo pa telefon.

Nan foto sa a ke Lamezonblanch pibliye, Prezidan Joe Biden pale nan telefon ak konseye sekirite nasyonal li yo nan Lamezonblanch, Vandredi 22 Jiye 2022.

Doktè prezidan yo di sentom li yo pa grav e yap amelyore. Yo di li reponn byen ak tretman an.

Prezidan Biden teste positiv pou COVID-19 Jedi.