Biden di Etazuni Gen 'Gwo Responsabilite' Pa Rapò ak Chanjman Klimatik

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
    AP

Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou nan ouveti konferans COP26 Nasyonzini an sou chanjman klimatik nan vil Glasgow, peyi L'Ekos, Lendi 1 Nov. 2021.

Prezidan Jose Biden adopte yon atitud kote li montre plis umilite pase jan lide Ameriken yo konn aji le y ap pale de chanjman klimatik.

Biden admet pandan rankont o some Nasyonzuni sou chanjman klimatik la k ap dewoule nan vil Glasgow nan peyi Ekòs jodi lendi a ke Etazuni ak lòt gwo peyi endustriyalize yo pote pi fò blam sou sityasyon an jan li ye a.

Biden di peyi endustriyalize yo gen "kokenn chenn responsabilite" vizavi peyi sou devlope k ap goumen kounyea fas ak dega chanjman klimatik koze lakay yo.

Biden di lide mondyal k ap asiste some a zak yo poze yo fas ak rechofman klimatik mondyal la taka epaye soufrans jenerasyon yo nan lavni.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press