Prezidan Joe Biden pral anonse Jedi, ke li chwazi Jeneral Fos Ayeryèn Etazini CQ Brown Junior, yon pilòt ki fè listwa e ki gen gwo konesans sou Lachin, kòm pwochen Chèf Deta Majo Fòs Zame Etazini.
Si Sena a konfime Brown, sa pral vledi ke pou premye fwa nan listwa tou le 2 responsab militè pi wo plase Pantagòn nan ak pozisyon sivil yo - se nwa Ameriken ki okipe yo.
Sekretè Defans Lloyd Austin se premye chèf nwa Pantagon nan, e li okipe pòs sa a depi kòmansman administrasyon Biden nan.
Si Sena a konfime nominasyon li, Brown va ranplase Jeneral Lame Mark Milley. Manda Milley ap pran fen nan mwad Oktòb la.