Biden Ap Pwononse yon Diskou Ra Depi Biwo Oval la nan Moman Lap Chache Plizyè Milya Dola Asistans pou Izrayèl ak Ikrèn

Prezidan Etazini Joe Biden fe yon poz pandan yon rankont ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Tel Aviv, 18 Oktob, 2023.

Prezidan Joe Biden pral pwononse sèlman 2èm diskou li janm pwononse depi Biwo Oval Lamezonblanch la Jedi swa, pou esplike poukisa Etazini apiye Ikrèn ak Izrayèl nan lagè yap mennen yo.

*VOA Kreyol ap difize diskou a an direk sou Facebook ak YouTube ak tradiksyon

Diskou a pral yon opòtinite pou Biden esplike poukisa li kwè Etazini gen obligasyon pou l ede 2 peyi sa yo, epitou eseye konvenk palmantè yo pou yo dispoze lajan pou fè sa.

Administrasyon an gen entansyon mande plizyè milya dola asistans militè siplemantè pou Izrayèl ak Ikrèn.

Biden vle plis lajan tou pou fòs defans Taiwan nan epi pou jere migran kap rive sou fwontyè sid Etazini pataje ak Meksik la.

Demann finansman an, ke li pral prezante ofisyèlman Vandredi, ta sipoze apepre $100 milya.