Ansyèn Premyè Dam Ameriken Barbara Bush Desede; li Gen 92 Zan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ansyèn Premyè dam amerikn Barbara Bush

Ansyen premyè dam Etazini a Barbara Bush mouri nan fen jounen madi 17 avril 2018 la alaj 92 zan. Manm fanmi ansyèn dam nan te bò kote li nan moman li te rann dènye soupi li dapre yon nòt fanmi an pibliye, pami yo mari li ansyen prezidan ameriken Georges Bush ki se tou papa ansyen Prezidan Georges W. Bush.

Lafami Bush pat bay trop detay sou eta sante ansyen premyè dam nan, men yo di li te te vinn pi mal nan jou ki sot pase yo. Antanke premyè dam, Barabara Bush te fè alfabetizasyon vinn tounen chwal batay li, kote li te kreye pwòp fondasyon li pou defann kòz sa a.

Jule Fink, prezidan Fondasyon Barbara Bush la di, "Nan 30 tan ki sot pase yo, madam Bush te vinn tounen premyè dam alfabetizasyon, e moun ap toujou sonje li nan sans sa a. E mwen panse pasyon li pou koz sa a bali yon gwo stati, e moun te sipòte li akoz konviksyon li sou kesyon an."