Baghdad: Premye Minis la Soti Vivan Apre yon Tantativ Asasina

Foto Achiv: Premye Minis Irakyen Mustafa al-Kadhimi pandan yon entevyou ak Associated Press nan Baghdad, Irak, 23 Jiye 2021.

Gouvènman Irakyen an fè konnen Premye Minis Mustafa al-Kadhimi soti vivan apre yon tantativ asasina ki fèt ak yon dron ki tap vole ak zam. Misye sen e sof.

Yon deklarasyon gouvènman an pibliye Dimanch (lè Irak) di ke dron nan eseye atake kay al-Kadhimi a, ki sitye nan Zòn Vèt Baghdad la ki gen gwo zam lou kap pwoteje'l.

Popilasyon Baghdad la tande bwi eksplozyon an epi zam kap tire nan direksyon Zòn Vèt la, kote anbasad etranje ak biwo gouvènman an sitye tou.

Deklarasyon ofisyèl la, ke ajans nouvel leta pibliye, di tantativ asasina a ki "fèt ak yon dron pyeje te vize rezidans premye minis la nan Zòn Vèt la."