Atak sou Palman Ayisyen an: Pa Gen Viktim, Men Anpil Kesyon Rete San Repons.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Nan sware samdi 18 pou leve dimanch 19 out 2018 la, enkoni te lanse sa k sanble ak yon eksplozif sou lokal palman ayisyen an nan Pòtoprens. Eksplozyon ensidan sa a te pwovoke pa fè viktim.

Nan jounen lendi 20 out la, brigad polis jidisyè a te fè yon vizit sou plas; lè yo te vle poze ajan sekirite pale lejislatif la kesyon, sa te pwovoke boukantay kèk pawòl piman bouk ant ant 2 pati yo; sa te debouche sou yon sitiyasyon chaje ak tansyon. Sa k te ajoute sou tansyon sa a se le fèt ke ajan sekirite yo te sezi epi kraze ekipman jounalis ki te ale pou fè repòtaj sou sa k te pase a.

Prezidan Sena a, Joseph Lambert (Sid-Es), ki t ap fè kòmantè sou sitiyasyon an pou laprès, deklare li pa p anplwaye okenn epitèt pou l kalifye sa k rive a; men li lanse apèl bay otorite konsène yo -swa lajistis ak lapolis- pou l mande yo fè travay yo.

N ap raple ke sa pa gen lontan, aprè evennman 6 ak 7 out 2018 pase a kote pèp te pran lari nan Pòtoprens pou yo kraze-brize, Prezidan Chanm Bas la, Garry Bodeau (Sikonskripsyon Delma) te pale ak laprès pou l di, daprè enfòmasyon li te genyen, enkoni te menase pou yo atake palman an. Youn nan kesyon k ap poze kounyela a, se mande eske sa k pase nannuit samdi dènye a se pa reyalizasyon menas sila a.