Izaj yo reyaji apre gouvènman an entèdi vann pwodwi petwolye yo nan galon plastik ak lòt resipyan.
Yon responsab nan yon pomp nan kapital la te di korespondan nou an " nou ap respekte lòd otorite yo, nou pap vann gaz nan galon oswa nenpòt lòt objè. Petèt mwen kapab vann responsab lopital yo, si yo prezante yon lèt kredib ke lopital la bayo.
Your browser doesn’t support HTML5
Izaje yo reyaji apre gouvènman an entèdi vant pwodui petwolye yo nan galon plastik ak lòt resipyan
Pa vann nan galon kreye yon lòt pwoblèm pou popilasyon an. Akòz mank gaz ki te genyen yo, chofè yo pa kapab kondwi machin yo oswa motosiklèt yo, pou al nan estasyon gaz yo.