Ayiti: Nouvèl Pwopozisyon Lwa sou Salè Minimòm nan Jwenn Apwobasyon Depite yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manm palman ayisyen an pandan yon vòt nan 2 chanm yo reyini. Pòtoprens, Ayiti, 13 fevriye 2016.

Chanm Depite a vote yon pwopozisyon lwa madi 26 mas la pou modifye lwa 10 septanm 2009 la sou salè minimòm nan sektè endistriyèl e komèsyal yo.

Pwopozisyon lwa a, ki gen 38 atik, prevwa salè ouvriye k ap travay nan segman A a pase de 500 a 800 goud. Segman B a pase de 400 a 600 goud. Segman C a pase de 350 a 425 goud.

Kategori E a de 215 a 335 goud. Segman F pase de 420 a 750 goud. Segman G a de 400 a 750 goud epi segman H la ap soti 400 pou mete l a 600 goud. Pwopozisyon lwa a dwe ale nan sena a avan prezidan siyen pou l vin yon lwa.

Nan mwa doktòb 2018 pase a, Prezidan Jovenel Moïse te fè konnen youn nan gran pwen enpòtan nan travay li vle akonpli sou pouvwa a se ajistemen ki dwe fèt nan griy salaryal ouvriye yo ann Ayiti.