Prezidan Moise Inogire yon Wout Kouvri ak Asfalt nan Kan-Peren

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Jovenel Moïse

Prezidan Jovenel Moise te fè yon deplasman pandan wikenn nan nan Depatman Sid la nan kad reyalizasyon yon pwomès l te fè popilasyon Kan-Peren an pou l al remèt yo yon wout tou nèf. Chèf deta a pran lapawòl nan okazyon an pou l di konstriksyon wout sa a se rezilta efò Leta ayisyen san okenn asistans entènasyonal. Misye Moise, ki te lanse Karavàn Chanjman nan Gran Sid la sa gen kèk mwa-- repete volonte gouvènman an pou l konbat koripsyon nan admisistrasyon piblik la avèk serye e yon fèm detèminasyon. Li deklare: "Lit kont koripsyon an se pa yon senp pwopagann."

Your browser doesn’t support HTML5

Prezidan Jovenel Moise ouvè yon wout tou nèf nan Kan-Peren. Yon repòtaj J-H Eliscar.

Klike sou lyen anlè a pou w swiv yon repòtaj Jean-Hernst Eliscar depi Okay.