Ayiti: Lansman Pak Gouvènabilite a; Prezidan Jovenel Moïse Vle Reyini Tout Sektè Alawonnbadè

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Jovenel Moise ak premye dam nan Martine Moise ak premye minis Jean Henry Céant ki tap pral patisipe nan seremoni nan memwa viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 yo, nan Pòtoprens. 12 janvye 2019. Foto: REUTERS/Jeanty Junior Augustin.

Gouvènamn Moise/Céant an lanse ofisyèlman atelye travay ant tout sektè nan vi nasyonal ayisyèn nan sou pak gouvènabilte a, ki se yon fowòm pou antant sou pi bon fason pou dirije peyi a.

Rankònt sa yo ki kòmanse madi 22 janvye 2019 la nan Sant Konvansyon Bank Repiblik Dayiti a, te reyini, òm politik, komèsan, reprezantan peyi zanmi Ayiti, sosyete sivil, ansyen chèf deta e latriye.

Premye fowòm nan demare apre arive Premye Minis Jean Henry Céant ki te pran lapawòl pou salye odyans la epi entwodui chèf leta Jovenel Moise. Sepandan nan diskou lokatè Palè Nasyonal la, moun te ka remake yon ensatisfaksyon akoz kèk politisyen remakab e opozan fawouch pouvwa a ki pat prezan. Prezidan Jovenel Moise montre enpòtans deba ant tout sektè alawonnbadè.

Prezidan Jovenel Moise di, "Lè m te mande premye minis Céant pou l kontakte tout moun, li te fè sa. Sepandan, mwen pa wè tout moun nan sal la jodi a." Chèf leta ajoute gen kèk moun enpòtan men ki pa la. Li kontinye pou l di, " Mwen regrèt lè yo tap elabore konstitisyon 1987 la, yo te ekate yon sektè nan vi politik la pou 10 zan.

An reyaksyon ak Fowòm sou gouvènabilite a -- Lidè pati politik UNIR, Clarens Renois di li espere fowòm sa a ap pèmèt klas politik la soti ak yon solisyon pou peyi a pi byen dirije.

Pami pati politik ki pat reponn prezan genyen Fanmi Lavalas, OPL ak RNDP pat reponn envitasyon gouvènman an pou vinn patisipe nan Foròm nan. Nicholas Duvalier konsidere absans kèk pati politik kòm yon desizyon regretab.

Prezidan repiblik la Jovenel Moise mande premye minis Céant pou miltipliye efò yo pou tout moun kapab reyini sou tab diskisyon yo.